Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Bal ou Rim Lyrics by D-Fi Powèt Revòlte

Bal ou Rim

0

A une loi injuste, nul n'est tenu d'obéir , ce qui veut dire que j'ai le droit, et même le devoir, de résister, par la violence ou la désobéissance civile
Yeah
[Verse 1]
M bouke wè patnè m sou pil fatra ak bal nan tèt
M bouke wè prennsès yo sou twotwa pou manje k ap pran dwèt
Reyalite a fann kè m
Sou baz edikasyon m bouke wè FIC k ap sodomize anfann kè
M bouke wè machandiz manman m kwabosal k ap boule
Kale je w vrè vòlè yo nan on machin ofisyèl yo pa kagoule
Yo te gentan asasine jistis avan Jan Dominik
Etidyan ap pran bal yo reli sa divèsyon politik
A dizan w banm zam a ventan kouman pou m pa kriminèl
Anba gouyad Antoni Dimon m bouke tande kri minè
M pa rebèl m vle sispann viktim
M grandi nan on peyi kot al lekòl tounen krim
M ekri Raj mwen se pa ke m rape twòp bagay nèg
Men sè ke m viv twòp pou laj mwen
E si m pa pale vin di m kiyès k ap defann dwa n
Geto yo nan gè plen zam kiyès ki responsab dwàn
Talè Poko
Lopital an grèv fakilte fèmen epi sijè nèg yo nan deba se krèk koko
Ha han Yeah Ayiti pa m nan diferan
Ayiti pa m nan plis sanble a pa MRJ a ke Mikaben nan
Simen èn se gè w ap rekòlte
Enjistis donnen vyolans se pou sa m Revòlte
E paske yo te di m, moun k ap batay pa mouri
Jenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim
[Refren]
Moun k ap batay pa mouri
Bal Ou Rim ×4
[Verse 2]
M bouke ankese
Li lè pou m remèt m p ap gen on metriz ekonomi nan men m pou m al fini kesye
Opsyon siviv jèn ayisyen se egzil
Sa fè lapèn on lisansye nan peyi l al gadò bèf brezil
Boujwa achte bouch medya ak leta fè youn
Pandan mas pèp la ap pouri nan mizè l, si w pa revòlte w pa moun
Lè pòv pa jwenn anyen pou l manje ankò l ap manje rich
P ap anpeche palmantè vòlè, men se pa sou tèt mwen l ap fè nich
Se Gran Paran k grandi m, m pa ka on tchoul
M se stil rapè lè l p ap boule bit k ap boule kawotchou
Wè m anraje
Fòk Djivens te pase konsa pou wè vrèman kiyès ki anpeche peyi m mache
Timoun ap mouri pou sewòm oral
Pandan Senatè gen milyon pou manje pwason apre Senatis ap pale m de moral
RapTouf m santi m endinye
Rap mwen ap pwone revòlt sispann reziye n
Pi gwo pèn peyi m se pa 12 janvye ak kèk siklòn
Men se paske kòm prezidan n te konn Ti Simòn
Gen sa k chwazi kouri gen lòt ki pran konsyans
Mwen w ap jwenn mwen sou beton an nan mitan Andy ak Schill
Wete chapo m koube m byen ba devan rezistans
Mouri nan batay La nèg m pa pral chili
D-Fi frè m kenbe rèd pa moli (35 Zile)
Moun k ap batay pa mouri
Jenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim
Moun k ap batay pa mouri
Bal Ou Rim × 4
Priez pour que je choisisse celle ci

About “Bal ou Rim” by D-Fi Powèt Revòlte

Read the complete lyrics to "Bal ou Rim" by D-Fi Powèt Revòlte from the album "Bal ou Rim". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Bal ou Rim" is performed by D-Fi Powèt Revòlte. from the album "Bal ou Rim" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Bal ou Rim", explore more songs by D-Fi Powèt Revòlte using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for D-Fi Powèt Revòlte · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Bal ou Rim" is credited to D-Fi Powèt Revòlte. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Bal ou Rim" appears on "Bal ou Rim".

Visit the D-Fi Powèt Revòlte artist page at /artist/d-fi-powet-revolte for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.