Lyrks
Lyrks
Sign In
Cover Art

Manman Lyrics by Fegens

2019

***Kouplè I – Fegens***

Dlo je li, swè kò li, tout t ape koule
Yo fòme yon sèl ki bay ekspresyon tout kalte doulè
Yon moman, ant lavi ak lanmò
Li antrave ak yon lòt
Ki bay defòmasyon vant k alonje
Nan zantray li, tranche l te vini
Li parèt, kòm ekspresyon kòporèl li
Tande tout rèl li
Bri kè li ki mete ansanm, pou bay pòtrè soufrans
Yon soufrans k ap anonse yon nesans
Se la a, poul jwenn fòs poul pouse
Se pa fòs tout mouche
Son fòs ki lakay fanm sèlman
Se verite frèm, mwen pa bezwen fon sèman
Nan sèn nan, fen an se te vwa yon bebe
Yon lòt vi, se siy la delivrans
Vizaj k ap souri
Se koulè esperans nan soufrans
Yon manman k pran tan fè pitit li
Kontan wè pitit
Se fwi li, tout vi li, se mizè li



***Refren ( Nikelson)***

Manman son zanj men l pa gen zèl
Li pote yo andedan kèl
Li bay lavi san l pa fè pri
Li bòkote w menm lè l mouri
Manman son fanm men l vle di plis
Li se lanmou l se sakrifis
Toujou raple l janw renmen li
Avan l trò ta, avan l pati



***Kouplè II – Fegens***

Avèk manchèt li, menm jaden l konn sakle
Wè panye sou tèt li, nan travay tè a l konsakre l
Li konn sa k kle grangou ki fè l pran gou
Nan itlize tè a kòm sous
Pou l pante pwa tchous
Kakawo l donnen bèl gous

Fanm sa konte pami tout fanm fò yo
Lè l plante, se nou tout ki jwenn rekòt yo
Wi !li son manman
Li son peyizan
Bon tan, Kou move tan
Li rete yon fanm vanyan

Fanm lachanm ! Pwofesè !
Tout machann ! Enfimyè !
Madan sara !
Kap bat dlo fè bè, riske lavi yo Pasipala
Klimatizè ka bay bon sèvis a fanm biwo
Vitamin D solèy edon lòt vann siwo



***Refren ( Nikelson)***

Manman son zanj men l pa gen zèl
Li pote yo andedan kèl
Li bay lavi san l pa fè pri
Li bòkote w menm lè l mouri
Manman son fanm men l vle di plis
Li se lanmou l se sakrifis
Toujou raple l janw renmen li
Avan l trò ta, avan l pati




****Bridge – Nikelson****
Si l gentan mouri souri nan non li
Viv janl te swete seche dlo nan jew
Si l poko mouri bal tout valè li
Viv sanw pa kache l lanmou gen pou li
Credits

About “Manman” by Fegens

Read the complete lyrics to "Manman" by Fegens in 2019. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Manman" is performed by Fegens. in 2019 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Manman", explore more songs by Fegens using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Fegens · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Manman" is credited to Fegens. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

Album information for "Manman" is not available in our database yet. You can still read the full lyrics on this page.

Visit the Fegens artist page at /artist/fegens for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.


Lyrks
Lyrks

Your gateway to the world of music lyrics.

Product

Features


© 2026 Lyrks. All rights reserved.