Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Petwospektiv Lyrics by K-Lib Mapou

Pou Listwa

2022

Petro mobilizasyon yon lòt pèspektiv
Ak tout sa k pa konprann sa k te kwè n te san objektif
Ak tout sa nou gen kòm zam n ap ret aktif
Pou yon petro edikasyon ann fon petrospektiv
Se te yon kontra ak tout peyi nan zòn nan kap redi
Venezuela vann petwòk a ba pri e kredi
Gazolin diezel gaz blan pwopàn
Nan machin ekonomik lan n pral leve yon gwo pàn
Leta fè kòmand gaz poul revann ak Boujwa
Nou menm nou vini ak galon achte li nan ponp
BMPAD rasanble kòb pou peye Venezuela
Si doum nan te koute 100 gd lap bay sèlman 30
Rès 70 goud sa a pral nan yon fon sou kote
Se kòb sa a yo rele fon petro caribe
Pou n remèt a 1% apre 25 lane
(Si w pat konnen kounyaa w konnen sa k petrocaribe)
Kòb sa a te dwe konstui lopital envesti nan agrikilti bati lekòl ak wout
Pandan sitiyasyon nou vin pi mal kòb sa a ak yon bann lòt ankò boule nan blakawout (nan yon tan tou kout)
Preval ak 2 minis pral pran 4 rezolisyon
Desizyon idantifye pwoblèm e jwenn solisyon
2008 premye kagezon vin sou minis Pyè Lwi
14 mwa fo rezon k fè 45 milyon bwè luil
Pati k pi bèl la te dèyè ak minis Bèlriv
2009 koripsyon pral ekri nan bèl liv
Kòb petrocaribe p ap rete nan kès nwa
Antrel nan bidjè a pou l kapab sibi pwojè lwa
3 rezolisyon 350 milyon dekese
41 kontra 35 ladann siyen gre a gre
6 lòt yo te siyen nan yon ti chanm prese prese
3 konpayi ki gen menm mèt jwenn kontra pou egzekite
Konpayi Dominiken k la depi 3 mwa (jwenn kontra)
Pandan l ta dwe genyen 5 an selon lalwa
Konpayi peyi madanm la depi 3 mwa
Pandan l ta dwe genyen 5an pou l travay pou Leta
Kòb petro caribe a se te yon fon
Pou devlopman pandansetan l ap fè fon
197 milyon fin fè fon nan yon rezolisyon
Kounya 348 milyon fè fon nan 3 rezolisyon
Janvye 2010 tout moun sonje tè a tranble
Malgre tou Ayiti ta pral nan eleksyon danble
Preval wè ti Jud pap pase, blan an deside Martelly
L al dèyè kouvri dèyè l pou nèg yo pa vin mate li
300 mil vi ak kay lajan CIRH se sa n anrejistre kòm pèt
Pitye pran kè Chavez anvan akò Bandes deside anile tout dèt
Ou p ap ka kite tout kòb saa nan men yon pleziyis
Pito w envesti l nan pwojè dixit Anacacis
Preval pa koute Martelly monte kontra majore li chwazi Rouzier ki di sa a se vòl mesye
Yon nouvo PM monte tonbe denonse mande revoke kontra ak "appel d'offre" tout dwe repanse...
Nèg yo di: gad figi Gary Coni w ap vin pran pòz serye w laa nan mouvman sa a ou pa enkoni
Tankou Christophe Colomb k debake San Salvador
Antre an sèn mèt Laurent"gagót" Salvador
Rezolisyon k pran son w Lo
Ak minis Lalo chèk glise kou lalo
Kote w konn tande nèg ki "clean" konn
Ap bay Leta bil imite blan Clinton
Surfacturation commission ceinturon corruption prostitution petroréalisation
Ou pral kreye on Konpayi k rele BRASEKÒM
Rapid vit m pral fè w jwenn kontra pou 30 milyon
Men antre nou ou konnen l ap koute 15 milyon
Rès kòb la ou mèt al depoze l sou non Jerome
40 milyon pwojè k rete a loral
Sa k ateri chak ane se 2 kanaval
Lamothe fin trip kounyaa n pral chanje Pòl
Evans pa t konn kotel ta pral mete kò l
Pandan grangou pèp la rive nan yon stad moun pa t ap kwè
Yo boule plizyè milyon nan 25 stad moun pa ka wè
Anba je n ni yo ni pitit yo vin rich
Manman cheri papa doudou bay piti pa chich
Kòb petro caribe se te yon fon
Ki te la pou devlopman men li fè fon
878 milyon ki fè fon
Yo boule li nan 9 rezolisyon
Ils ont remporté le prix vert lavalas te "next"
2 zan siklòn rezolisyon Privert Enex
Gaz petro caribe antre tout 2017
40 jiska 70 goud pou yon dola US
Sa a pat "pringtemps arabe" men "l'été Haitien"
Nou met rezo sosyo yo cho ak yon petrochallenge
Poun mande politisyen èske yo se majisyen
Pou yo fè disparèt 3 milya san kite "change"

About “Petwospektiv” by K-Lib Mapou

Read the complete lyrics to "Petwospektiv" by K-Lib Mapou from the album "Pou Listwa" in 2022. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Haitian Creole, Haiti, Rap.

"Petwospektiv" is performed by K-Lib Mapou. from the album "Pou Listwa" in 2022 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Petwospektiv", explore more songs by K-Lib Mapou using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for K-Lib Mapou · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Petwospektiv" is credited to K-Lib Mapou. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Petwospektiv" appears on "Pou Listwa" in 2022.

Visit the K-Lib Mapou artist page at /artist/k-lib-mapou for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.