Lyrks
Lyrks
Cover Art

Ayiti Se... Lyrics by Mika Ben

2012

[Verse 1]
Ayiti se bèl lanmè se bèl montay ak bèl rivyè
Se bèl plaj ak pye kokoye bèl peyizaj ak bèl koulè
Ayiti se sant kafe kap monte nan nen m' le maten
Se sant lawouze ki fèk poze pou flè dizè ka boujonnen
Ayiti se Basen Ble Kaskad Pichon avèk Sodo
Se Akaden La Sitadèl se Labadi ak Marigo
Ayiti se Lavale se Pòsali ak Zabriko
Se Mòn Lasèl Pik Makaya se Mamlad ak Mòn Pilbowo
Ayiti se yon dous makòs se yon ponyen pistach griye
S'on ji kole ki pou banm fòs s'on boutèy kola ki byen glase
Ayiti s'on bon griyo s'on bon fritay on bon taso
S'on bon legim avèk sirik s'on bon diri avek lalo
Ayiti s'on bon bouyon s'on soup joumou a tout piman
S'on bon kasav avèk manba ke ou tranpe nan akasan
Ayiti s'on bon donmbwèy kap marinen nan yon bon sòs pwa
S'on bwakochon on bon kleren Ayiti s'on bon kafe diswa

[Chorus]
Ayiti chеri pou jan mwen renmen w
Mwеn vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m'adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m'adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w

[Verse 2]
Ayiti s'on bèl mizik se yon bann a pye s'on twoubadou
S'on son kata seremoni, se yon son kwachi yon son tanbou
Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou
Se la lesklavaj t'aboli se yon tè libète ak vodou
Ayiti se festival se tisourit se fèt chanpèt
S'animasyon nan Kanaval se yon ti zile k' pa janm frèt
Ayiti se yon bezig s'on domino se yon twasèt
S'on reveyon kote ki gen bouyon se la k' gen kenbe tèt
Ayiti se yon konbit peyizan kap sèkle latè
Se ti machann yo kap desann
Pou y'al goumen ak lavi chè
Ayiti se timoun yo k'ap reve de yon bèl avni
Se dlo rigòl la kap desann pa konn kote l pra-l ateri
Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye
Se labou k' lev' on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe
Ayiti se sou beton'an pou konn "la vrai" reyalite
Se youn ki tris men grasadye se pa li sèlman n' ka chante

[Chorus]
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m'adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w
Ayiti cheri pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w
Ayiti cheri pou jan m'adore w
Pa gen anyen kap janm fè mwen kite w

[Verse 3]
Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè
On fanm ki djanm on fanm vanyan menm si l'konnen li pa pafè
Ayiti se yon bèl fanm ki menmsi l pase anpil mizè
Li toujou f'on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè
Ayiti se tout bagay sa a yo ki fè ke nou renmen w
E menm si wout la long konnen n'ap toujou la pou n kenbe men w
Ayiti cheri w mèt kwè m pa gen anyen k'ap fè m'kite-w
Map toujou la pou ou cheri kite mizik sa a dòlote-w
Credits

About “Ayiti Se...” by Mika Ben

Read the complete lyrics to "Ayiti Se..." by Mika Ben in 2012. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Singer-Songwriter, Haiti, Haitian Creole.

"Ayiti Se..." is performed by Mika Ben. in 2012 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Ayiti Se...", explore more songs by Mika Ben using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Mika Ben · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Ayiti Se..." is credited to Mika Ben. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

Album information for "Ayiti Se..." is not available in our database yet. You can still read the full lyrics on this page.

Visit the Mika Ben artist page at /artist/mika-ben for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.


Lyrks
Lyrks

Your gateway to the world of music lyrics.

Product

Features


© 2026 Lyrks. All rights reserved.