Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Ou te Di M Lyrics by Wellborn

Lanmou Dwòl

0

[ WELLBORN KOUPLÈ 1 ]
Ou te di m se pour la vie, pour le meilleur et pour le pire
E m s on krapo ou pral bo pou n bati yon empire
Ou t ap pale m de rèv de bonè e de Love
Ou t ap pale m de maryaj, zanfan fond on fwaye
Ou te di m nan kè nou rich menm si nan pòch nou pòv
Jamè youn san lòt, si m plonje w ap nwaye
Ou te di m ou diferan ke m ka fè w konfyans
Ou te fè m wè eta m, pou m te ka pran konsyans
Paske mwen stil gen menm pwoblèm ak on pakèt
M s on thug, Lanmou pa sot nan kè m encore moins dans ma tête
San domisil fiks, ou te di m w ap louvri kè w pou m sieje m
W ap panse plè m, lè m ap kriye w ap la pou w siyе je m
Ou te di m ba w tèt mwen, ba w nanm mw ba w kò m
Lanmou ka fè maji sе pa sèlman bòkò
Ou te di m si vi m gen move tan w ap sèvi m parapli
Ou p ap kite m konn soufrans, jis pou m pa rap li
                                 
[ REFREN - STAN ]
W ap la pou mwen ba w vi m ba w kò m ba w kè m
Ansanm n ap bati mond nou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Ou te di m
[ WELLBORN KOUPLÈ 2 ]
E ou te di m ou pa bezwen liks ak bijou
Sa yo se ti kapris, ou jis bezwen lanmou ak bizou
Ou te di m n ap mennen on vie de bohème
Se sof rim mwen yo k rich kidonk m ka kouvri ou ak powèm
W ap koute silans mwen, konprann menm sa m pa di
W ap koupe soufrans mwen, fè de lanmou sèl maladi m
W ap ban m on rezon pou m viv, on koz pou m mouri
W ap pran move moman yo, wap ban m on bèl souvni
Mon amour, ma bataille ( Hum Balavoine)
Ou te di m ansanm n ap pran menm sa lavi a pa bay
Ou te di m w ap met souri sou vizaj mwen, wete chagren m
Ou t ap simen woz, wete vye zèb nan jaden m
Ou te di m plonje nan vid lan w ap pare m
Ou te di m w ap bousòl lè m pèdi wout mwen, lè lavi a bare m
Ou te di m renmen w, san kondisyon, san koz
Ou te di m bliye tèt mwen, ekri pou ou lòt rim ak lòt pwoz
[ REFREN - STAN ]
Wap la pou mwen ba w vi m baw kò m ba w kè m ansanm n ap bati mond nou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Ou te di m
                                       
[ WELLBORN KOUPLÈ 3 ]
Ou pa t di m ou t ap trayi m avan menm kòk la kòdase
E jou sa pou mare m p ap gen kòd ase
M p ap gen kòb ase paske rèv yo  g on pri
Non ou pa t pale m de manti avèk twonpri
Ou pa t di m, ke livè toujou vini apre prentan
A trantan on fanm bliye sa l te pwomèt a ventan
Se toujou menm lanmou, men diferan koz
Men ou pa t di m an vrè se zepin yo ki gen woz
Ou pa t di m, moun chanje kou sezon, pèdi rezon fas zeprèv
W pa t di m, renmen san kondisyon, m ap brize san rezèv
W pat di m tan konn manje rèv, m p ap chanje tèm
Ou pa t janm di m lanmou pa rezime ak on Je t'aime
Ou pa t pale m de regrè, de kriye, de solitid
On sèl moun manke m, m gen lenpresyon tout latè vid
Ou pa t di m ke lanmou, se te jis on ilizyon
E tout istwa yo pa fini tankou Sandriyon
[ KORAL - STAN ]
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa
Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m)
Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m)
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa
[ FEN - STAN ]
Menm myèl la ou wè ki byen dous konsa yon jou kè plen li kapab ba ou
Se pa t sa w ou te di m
Se pa t sa ou te di m
Sa kapab detwi lavi m tôt ou tard si m livre tout mwen menm ba ou
Se pa t sa ou te di m
Se pa t sa ou te di m
Credits

About “Ou te Di M” by Wellborn

Read the complete lyrics to "Ou te Di M" by Wellborn from the album "Lanmou Dwòl". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Aa (Check Description), Afro Hip-Hop, Hip-Hop.

"Ou te Di M" is performed by Wellborn. from the album "Lanmou Dwòl" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Ou te Di M", explore more songs by Wellborn using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Wellborn · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Ou te Di M" is credited to Wellborn. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Ou te Di M" appears on "Lanmou Dwòl".

Visit the Wellborn artist page at /artist/wellborn for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.