Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Akoupi Chaje Lyrics by Zo Polo

Rezèv Domèn - EP

2023

[YON SÈL MOSO]
Depi m tand on BEAT m tou fou e m tou foure men m pou m pran l rapid
E sa w tande a anba teknik m ap toufe l
Sa se pa rap pou m fè djòlè men se rap pou m pase pwouve n RAP, SKILLS
Pa gen maji ladan l se talan ok frè
Depi sou blaz la jan yo konn di nan SLANG nan
M se nèg k ap pran w nan baz la m pa nèg ki pral rale frenn
Dayè m pa GANGSTER, ou vle BEEF kanpe dèyè yon MIC
E nou tou 2 ap DROP HOT BARS e n ap wè kiyès k ap pot mak
Depi MAXX te met bouch la, m g on MAX DE RETOUCHES HOT
Se ban m MIC mande m match m ap ba w frap chire koutcha w
M ap ba w tak, m ap depatchwa w
FULL CONTACT m ap devaste w
Sou w krontre ak kalite lirik bèt sa yo ou bout sou kontra w
W ap kontrakte maladi k pi mòtèl la k se mwen
Kontakte paradi si w te fè zèv pou demen
Men pou dife m bay pou di se vre on nèg ta gen tout kran sa
E pou sa m t ap ret endiferan lè tout tèt ou ap pran SLAP
Se pa SLAM non se pastan m e se ba m
M se AS RAP NIGGA WHAT ? Pa ranse la
Se ra se ta, teknik ansestral
Yon plim ensanse nan tèt ou k ap tranche RAP
On bann (4x) swadizan MC
Avan 2 ba k ap pouse kò yo men yo youn pap kole kòn yo
Mwen m tou bite e m tou fò, m s on bitè apwouve
MAN pran beat sa e pou tò w, si w pa kwè m pran l m ap pwouve w
E w ap wè, se pa bòlèt, abolotcho k a bourèt
K ap pwomennen A BOUT DE NERFS, bout liy boutlèg DELIVERY (2x)
M ap mache about bouske Bit bay HIP HOP bourad
Mache nan BOOTH krache HIT bay TRACK
M ap SCALPER tout bit SAPER lirik
Flo konpile, e m ap pile mizik
Depi BEAT la mate m fè kout plim tankou kout epe
Kèk souf alimèt yon klou ak yon bèl bout eten
KLORAT ! Bri m fè a panse yo panse yo ka blo m tankou kokorat
Men depi nan 4 ba m etenn yo
Men m ap DROP piti bouje
Si w paka tande mizik mwen konn zòrèy ou kòche ak vye TRACK genlè w konn tande bouche
Se OLD SCHOOL se pa BULLSHIT
Y ap tòde nan pasaj ak yon PRÉMATURÉ pandan mwen m te pot yon TRIPLÉ m akouche
Ou panse w rèd ? RAPPONS met vwa w sou BEAT pa vin fè kapon
Rapè k ap « SKU SKU » sanble a nèg k ap rape a on STRAP ON
Konekte, bit bout VIBE kolekte
Rape yo tankou BIC souliye wouj kou korektè
Yon BEAT LUX pou mwen se sa k pi derizwa
Pandan nèg bloke pòtoprens zik mwen travèse matisan
E l masakre zòrèy, VIBE san parèy CE N’EST PAS RIEN
El rive jwenn Tchadam’s jis RUE DES RUISSEAUX
M koz deyisans nan pawa k nan vant mouvman sa
Delivre anvan ke van derive m
Ak vwa m fè rap terifye ou mèt verifye (2x)
E w ap jwenn 16 sa a byen DOWN
Jis anndan syèk sa m met MIND
Pou m vin yon SEX LIFE, PLUS LINE
7 fwa plis RHYMES pou fè w pa di sa
Pa konfonn talan ak LISA Sh!t CHECK pati sa
[FINI]
Ak gwoupi w chaje (3x)
Mwen m ap RAP REYÈL
Akoupi m chaje w
Credits

About “Akoupi Chaje” by Zo Polo

Read the complete lyrics to "Akoupi Chaje" by Zo Polo from the album "Rezèv Domèn - EP" in 2023. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Akoupi Chaje" is performed by Zo Polo. from the album "Rezèv Domèn - EP" in 2023 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Akoupi Chaje", explore more songs by Zo Polo using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Zo Polo · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Akoupi Chaje" is credited to Zo Polo. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Akoupi Chaje" appears on "Rezèv Domèn - EP" in 2023.

Visit the Zo Polo artist page at /artist/zo-polo for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.