Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Geto Resital Lyrics by D-Fi Powèt Revòlte

Bal ou Rim

0

[Kouplè 1]
Livre on lòt paj nan istwa n a chak fwa son makònnen
Si geto a pa gen plim li listwa ap toujou pale de Grenn Sonnen
M ekri l, mizik se reflè nanm nou
Chante l sou gita dezakòde eseye refè lanmou
On lanmou k mouri ak prensès yo sou twotwa
Geto a konte sou mwen m konprann sa twò ta
M konprann twò ta ke èn nouri èn
Ke vyolans se kansè nou sa k fè anpil frè m mouri jèn 
Menm lè m tap rap levanjil li, m pa t vlew pran l pou tanp ou
Konn sa sa vle di lè zam on frè w brake sou tanp ou
Ben non? Ok, sa vle diw pran nan ras kabrit
Menm sa k a bib ap veye pou l fè on kou, se sa k lari
M vle rap lòt bagay apre koridò ak rigòl
Di yo gen on lòt vi lwen gè gang ak krim dwòg
E menm si son sa ap woule nan kas ou ke festival
M met tout lanmou m ladan l pou bay on Geto Resital
                             
[Refren]
Kite ti van sa bèse zòrèy ou
Ti mo sa kouri sou lèv ou
Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
Getoyout gade zantò yo nan je
Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle
                                       
[Kouplè 2]
Nan vale lanmò m'ap rele èd, pèsòn pa di alo
M gen frè m ki dead pi trajik pase Diallo
Bandi legal donnen polis ilegal
M dread, pantalon m anba bouda m, nèg vide bal
E lè n reyaji yo voye BOID ak tout dram
Tout dra blan frè depi w sot la ou koupab
Ban m diw, vandredi bay koulè dimanch
Kouman pou n pa 117 lè pou pran pouvwa politisyen bay bandi manch
M ekri sa m viv, lari a se kilti m
Frè m nou koupab otan ke n viktim
On mil goud nan mitan n met divizyon
Si je n koud, li nòmal pou n pèdi vizyon
Linyon fè n fò men mizè febli n
Si mizik mwen fè eko se paske doulè m fè bri
M desine lari a rele Picasso Geto a
Pou chamew m vin ak Vava, se seriz sou gato a
[Refren]
Kite ti van sa bèse zòrèy ou
Ti mo sa kouri sou lèv ou
Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
Getoyout gade zantò yo nan je
Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle
[Kouplè 3]
Sispann frè m, la a p ap janm paradi
Remèd la se pran pou pran l, li enskripsyon yo p ap geri maladi
Malgre mwen m s on dèlmo (modèl)
Yo te di m se aksyon m k ap chanje sa, se pa bèl mo
Donk m fè l pou enspire kèk ti frè
Di yo rèv yo ka donnen menm si yo te plante l nan kè mizè
M fè l pou di w geto a se pa sèlman lame rat
Ke vrè ewo nou yo se pa Tikouto ak Amaral
Men se papa w ki mason, manman w kap pote bout sak
Pou evite w wout prizon mete w sou wout fak
Alabaz, wana se ti oubyen gran sèn
Se rèn yo vyole k pral akouche Franketyèn
Geto a se ti sourit, rabòday, konpa
Nou eksprime n nan kèk grafiti, kèk bon rap
Plim nou se 35 Zile, F and Me's
Vrè slogan n se pa koupe tèt boule kay, se LOVE and PEACE
[ Refren ](2×)
Kite ti van sa bèse zòrèy ou
Ti mo sa kouri sou lèv ou
Dlo kò w koule pou bwote chay nou tout
Getoyout gade zantò yo nan je
Kase kreyon an, ekri istwa w jan w vle

About “Geto Resital” by D-Fi Powèt Revòlte

Read the complete lyrics to "Geto Resital" by D-Fi Powèt Revòlte from the album "Bal ou Rim". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Geto Resital" is performed by D-Fi Powèt Revòlte. from the album "Bal ou Rim" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Geto Resital", explore more songs by D-Fi Powèt Revòlte using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for D-Fi Powèt Revòlte · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Geto Resital" is credited to D-Fi Powèt Revòlte. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Geto Resital" appears on "Bal ou Rim".

Visit the D-Fi Powèt Revòlte artist page at /artist/d-fi-powet-revolte for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.