Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Kè Brize Lyrics by D-Fi Powèt Revòlte

Kwonik on GetoYout

0

[Kouplè 1]   
Nou te kwaze twò ta, separe twò bonè
Mal pou eksprime m, donk m vòlè mo kèk powèt
Ou make tout on pati nan vi m
Nou te jèn, nayif, nou te menm kwè n tap viv nan fim
Viv chak jou san panse a demen
Kesyon 
Èske se desten n ki chwazi n ou nou k chwazi desten n?
M te pèdi nan je w, m t ap vanse nan mitan lanmè
Kote m p ap jwenn pye
Kote pwomès pa kenbe
Ou te vire dow
San pale, m pa t menm ka pran men w pou m di w pa ale
Pou sa m te gen twòp ego
Ou kite bwat mesaj yo men ou pa kite souvni m
Ou fin aprann mwen renmen, kounya aprann mwen mouri
Ou te sèlman di m pa kite pèsòn tounen sant lavi m 
M tap kouri pou sa kap chache m,chache sa kap fui m
Kè a gen rezon ke sèvo thug  pa metrize
Di l se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n
[Refren] (2×)
(James Blunt - Goodbye My Lover)
Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me
[Kouplè 2]
Pawòl yo pa gen sans, si m pa baw prèv
Reyalite a t ap ratrape m, men ou te gen lòt rèv
Ou te vle zanfan, wè m k ap leve vwal la
Men lè w sou bouda w, menm ennmi w ka achte w mande Vwala
Ou te dwe fè chwa ant sa w vle e sa w bezwen
M ap pale w kote lanmou pa nan woman men nan on aleken
Ou pa t gen kouraj wè rèv ou ap mouri sou pretèks santiman
Kote ou ka pèdi vi w si w manke  santim nan
S on mond enpafè kap ekzije n pou n pa fè
M pa konn sa m regrèt ant sa m te fè e sa m pa t fè
Lavi a pini m
An vrè m pito ri paske sa te ekziste tan pou m kriye paske sa fini
Si m renmen l vre m dwe kite l lib, nouvo lanmou l kite l viv
Se pa chanje paj, m dwe chanje liv
M te mize, m pèdi, si ou kwaze l di l
Se lanmou ki fè nou, se lanmou ki brize n
[Refren] (2×)
(James Blunt - Goodbye My Lover)
Goodbye my lover
Goodbye my friend
You have been the one
You have been the one for me
[Kouplè 3]
Viv twòp nan pase m fè m neglije prezan m
M ap kriye pou on bèl wòch m pèdi pandan kote m gen on dyaman
Al, kite m mande w padon paske m bare wout ou
Paske m pa rive  efase tout dout ou
Lè w fè vi w nan on kaj, ou ka panse vole s on krim
Pa gen lontan m t on jòkma, men kounya m se on king
Nan vi a lè w kwochi genyen k vini pou drese w
Genyen k vini pou geri w lè kèk lòt fin blese w
M te dwe di Goodbye pou m te ka vanse
Mennen m kote w vle men konnen gen plè k poko panse
Rafrechi m, m epuize
M ba w kè m, men fè atansyon li ka blese w paske l brize

About “Kè Brize” by D-Fi Powèt Revòlte

Read the complete lyrics to "Kè Brize" by D-Fi Powèt Revòlte from the album "Kwonik on GetoYout". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Kè Brize" is performed by D-Fi Powèt Revòlte. from the album "Kwonik on GetoYout" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Kè Brize", explore more songs by D-Fi Powèt Revòlte using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for D-Fi Powèt Revòlte · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Kè Brize" is credited to D-Fi Powèt Revòlte. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Kè Brize" appears on "Kwonik on GetoYout".

Visit the D-Fi Powèt Revòlte artist page at /artist/d-fi-powet-revolte for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.