[Kouplè 1] Eseye ajanse kèk rim pandan Filip ap plase nòt M rann kont lè lanmou ap antre l pa frape pòt Mwen jwenn on zanj sou wout malè m On ti melodi pou bèse m Nan mitan nuit la se vwa l ki te pote m ale San pèdi tan m lage kò m nan vid lan M damou danje M te di n m ap renmen ankò, m ap souri ak dlo nan je Sa difisil pou mache lè se sèl lanmou nou genyen Nou brize, donk nou vle resevwa san n pa vle bay anyen Mwen m panse m te pare Men ou konn moun, nou toujou vle plis e se pa on lòt kè brize pou m mande repare m Nou klè, nou konnen byen lavi pral ba nou frap Men sa pa gade n, nou damou e n prè pou n boule etap Donk n ap panse ak fwaye Antre nan kay ansanm san menm panse a ki jan n pral fè pou jere lwaye Gen pati nan vi n, nou pa janm pale Men n di pa enkyete n, kèlkeswa jan sa ye nou youn p ap janm ale Nou pa fè pwomès se pi bon fason pou kenbe l E si ou renmen on zwazo, se kite l vole se pa nan kaj pou kenbe l On maten l rele m di nou dwe pale men pito nou wè M koumanse strese m di sa se sin move nouvèl M ap fè plizyè ide, petèt nou manke afeksyon M pèdi tout manm mwen lè l di m li bay san e se pa t enfeksyon Se pa sèlman on bb n pèdi men tou on ale senp pou syèl Se lè sa m rann kont tout rès la se pousyè [Kouplè 2] Anpil nuit pase e jodi m deside ekri on lèt Pa pou ni fanm ni on piblik men pou on bebe k pap janm fèt Pou di l li t ap pi bèl kado m M tap onore papa m M t ap veye kote m ap pye m paske m konnen l pral suiv mak pa m M tap montre l kote warrior m Di l manman l se on rèn e pou resevwa l nou te oblije al bati wayòm Di l vi a pa si bèl Pa atann anyen de moun pou yo pa desevwa dayè menm anndan Castro gen zanmi k pa fidèl Di l ret li menm, l pa blije fake pou fè yo aksepte l Sa pa gade l si yo renmen l ou pa, enpòtan, yo dwe respekte l Di l pa janm kite yo pran libète l Vi a se on kesyon d chwa E menm si sa ap koute l vi l kenbe entegrite l Valè yo ret menm fi ou gason M t ap di l pa sispann reve, vi a pa gen sans san pasyon Di l lanmou se richès nou Mwen ak manman l se 2 moun ki brize kidonk li t ap remèd pou tristès nou M t ap ba l lavi, li t ap remèt mwen bonè m Li pa t ap manke anyen menm si yo pa achte daypè ak powèm Syèl la te bezwen on zanj, rezon m bay tèt mwen M te vle kite son sa avan m fin fè malèt mwen M pa plenyen sa menm ak Lapik M ap soufri an silans E pou yo pa wè dlo je m, m kriye anba lapli PS: ret fidèl ak prensip mwen yo Pran swen fanmi an, apre sa tout rès la se pousyè
Read the complete lyrics to "Pousyè" by D-Fi Powèt Revòlte from the album "R.O.D. Rhod Over D-Fi, Pt. 2" in 2019. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.
"Pousyè" is performed by D-Fi Powèt Revòlte. from the album "R.O.D. Rhod Over D-Fi, Pt. 2" in 2019 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL.
Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data.
If you enjoy "Pousyè", explore more songs by D-Fi Powèt Revòlte using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.
"Pousyè" is credited to D-Fi Powèt Revòlte. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.
"Pousyè" appears on "R.O.D. Rhod Over D-Fi, Pt. 2" in 2019.
Visit the D-Fi Powèt Revòlte artist page at /artist/d-fi-powet-revolte for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.