Lyrks
Lyrks
Cover Art

Koulè Lyrics by Malada

Retouch

2022

Sou yon fon nwa
M t anvi depoze koulè bonè
M t bezwen kwaze solèy
Donk m t oblije leve bonè
Ak on chemizèt gri
M te ton sou ton avèk tan an
Yon kanson vèt kou gazon
M t anvi fè l de tout fason
Lari te blanch
Te gen ti takte wouj san
Sèl ti pwent tèt
Nan fenèt
M konnen fòm dousman
Byen souvan
On moun sòti s on dènye aksyon
L ap pran tout prekosyon epi w tande l viktim bal mawon
Epoutan
Se toutan
M tcheke bon an
Nan move zòn
M konn bezwen ti sipò
Lè s ak demon m yo m ap twoke kòn
Nan met koulè sou koulè
Finalman m konn g on palèt
Aprè m pati tou bèl
Ap gad nègès k ap bay payèt
Kas nan zòrèy
Bout hip hop
Ou gentan konn kisa k ap fèt
Nan Tout nan zòtèy mw li reponn
Li anvayi m nèt se pa jwèt
Ou di kanèl m di weed
Ni bon Vèt la m di w wii
M ap redi man sou filing
M sou filing

Nwa
Toupatou lavi nou sanble
Pou koulè po nou konmsi pou yo n reprezante danje
Nou fè lirstwa na sonje
Kolon yo pa janm chanje
Yo toujou sou ladefansif
Kòmsi pou n pa janm vanje
Yo bati wayòm yo sou soufrans nou
Yo anlè y ap ri jòn
Fin Volò n
Piye lòn
Aprè vin di n yo miyò n
Se yo k pou pè
N pa ka mawon
Nou pot doulè n
Devan bawon
Yo te fin ble nou ak baton
Nou pa ka rele yo patwon
Chak jou N ap pran pil desepsyon
Yo agrese nou tout lè
M p ap fè okenn eksepsyon
Tout rasis rayi koulè
Vann nou modèl bote k lage n nan pase krèm
K ap fè n met kò n sou kote
Ak vye jijman k ap kraze kè n
Yap plis piye afè n
Moun sa yo p ap ret prèn
Frè n ak sè n yo
Pa madsèn
Pawòl yo vin tou nwa
Ou pa klè men pa twaze yo
Rebèl y antipouvwa
M pa kyè man si m fwase yo

Yo krache sou doulè nou konbyen fwa
Fè n kwè fòk nou dou lè yo bafwe vwa n
Men n pote tout doulè nou yo nan vwa n
Nou konn chak zetwal nan syèl la ka klere vwa n
Yo chifonnen lonè nou plizyè fwa
Fè n kwè lakoz koulè nou n pa gen dwa
Men n pote lakansyèl nou yo nan vwa n
Scat nou yo
Konplent nou
Dans nou yo

O ginen yo pran men nou
Limyè a nou mande kouvri nou
O lwa n yo goumen pou nou
Nou Bare
Nou mele
Nou bouke
Vini nou andanje
Credits

About “Koulè” by Malada

Read the complete lyrics to "Koulè" by Malada from the album "Retouch" in 2022. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Koulè" is performed by Malada. from the album "Retouch" in 2022 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Koulè", explore more songs by Malada using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Malada · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Koulè" is credited to Malada. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Koulè" appears on "Retouch" in 2022.

Visit the Malada artist page at /artist/malada for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.


Lyrks
Lyrks

Your gateway to the world of music lyrics.

Product

Features


© 2026 Lyrks. All rights reserved.