Lyrks
Lyrks
Cover Art

Opsyon Lyrics by Malada

Retouch

0

Sekrè bèlte
Vokab daki nan pwent djòl granmoun
Reflè laj erè optik wè 2 pye w  nan tou tchouboum
Lafyèv regrè n on gwo bonm bwè te ti bonm
Repons lavi se medsin pou tèt k anfle pase bonm
Tout sak plante gen vokasyon pouse
Simen knowledge nan panse w jenn grenn refleksyon pouse
Kreve pwa nou apre tann lapire
Bay enfliyansè bann chwa nou apre pou l anpire
Vin fad gou li brak ba bòt la sou kou n n ap
Toufe n vle bat ba kò n koukouman na p
Wouke n pap kaba fò n konn kouman n ap
Leve pou n tay-ba fon n pouse kòn n ap
Èzlirikalman siprèm richès mwen
Kontabilize an rim pran chak beat kòm kès mwen
Rap sann se baz la wi D blok
Hip-hop ap koule nan san m bay sewòm nan chak blòk

M atake bit
Lejitim defans yeah
Sa fè l pi entans yeah
Paske m vin fuck tout enstans
Konsène yo m sène yo ak on 6e sans
M bak nan nayntiz
M vin baw tiz
E paske m gen ponch
M pati g on bri bal
Si w tande m ou pa sib
W ap tonbe si w p ap swiv
Men bon MC
Ou p ap switch oooh
Sa rive dwat nan kè w
Si w wè w vin dosil
Real Hip hop rann sa posib
E m pa ekri ba toksik
Nan on distans
Nou ba w lisans
Pou w li sans nou
On vayb imans
On bèl pisans
Ba l plis sans tou
Ou pa ta di m s on sous
Yo m konsistan tou
M ap fè plis tan
M p ap janm sispann
Vin siprann nou
Lè m pa la m kit on vid
Kou lide m di m kwit on bit
Rap la poukò l s on wayom
M p ap janm dakò l vin bidonvil
Li grandi nan vim
Anplis Li fè m jwi anpil
Depi m fin di mizik
M wè Diskòb
Yeah m f on pi bon dil

Nan yon verse plizyè mo kwaze
Yo deside kreye sans
Yo di sa k pa imaj pa baze
Apre yo fè konesans
Pwomès prezante tèt li
Mande demen peye dèt li
Lè emosyon pran pawòl
Tan reyalize se li k mèt li
Anpil kakofoni
Lè bon sans pran pale
Anpil ajitasyon
Menm konsyans pran pa li
Men tout mo te pran souri
Lè pwezi ouvè bouch li
Se te bèl amoni lè mizik tanmen mete touch li
Santiman vin alèz pou l eksprime l
Li menm rakonte valè fwa rezon bimen l
Sa k fè lojik vin gen sousi pou l eksplike
Malgre jefò l lanmou ap toujou ret konplike
Verite te la men manti te vle pale nan non l
Veritab dout met pye jouktan listwa grate nannan l
Anbyans lan te majik men apre sa dewoute
Koz lè silans t ap pale pèsonn pa t sou koute
Credits

About “Opsyon” by Malada

Read the complete lyrics to "Opsyon" by Malada from the album "Retouch". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Opsyon" is performed by Malada. from the album "Retouch" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Opsyon", explore more songs by Malada using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Malada · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Opsyon" is credited to Malada. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Opsyon" appears on "Retouch".

Visit the Malada artist page at /artist/malada for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.


Lyrks
Lyrks

Your gateway to the world of music lyrics.

Product

Features


© 2026 Lyrks. All rights reserved.