Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Konviksyon Lyrics by Règleman Afè Popilè

Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]

0

[Mawon Ann Di]
M pèdi pye m non kòz m te panse m ap bay jarèt
Tèt m ap nwaye nan rèv li pandan rès kòm ap payèt
Lè ri m fin galonen nan vizaj m met mouchwa
Se galon nen k pran kou
Rim kap koule jis pran yo kòm mouchwa
Revele m fèb nan kantite ak kalite
Vire tounen menm lè isi wout kantite a k kalifye
Dlo je m tou ble poukò m pap ka wè fòs ladann
Pa mande m al poukò m foumi yo di zanmi w mèt trust ladann
N Ekri memwa n souvnans nou sou gachèt yon kalash
Sèkèy se bwat sekrè n kache soufrans nou chak lè ka grav
S on twal m ap penn chak fwa m wè tan yo sonm
Penso m pentire wòch k ap fè lanmou ak vit nan janm lari
Chak fwa m wè tan yo sonm etwal etenn
Penso m pentire tòch k ap fè nanm nou reviv ann pran lari
Ann pran lari s on sèman m viv li sensèman
Revolisyon s on konsè vin pran plas pa w sou sèn nan
[Mozo]
Gen konsyans, gen fristrasyon, gen konviksyon
Nou pran responsablite
Pou n defann lide n san kondisyon
Wi, nou prè pou n fè sakrifis
Goumen pou sa ki jis
Malgre tout kalte lide nan kalbas tèt nou plis ke nui nou
Lakoz gen moun ki pa konprann pouki chak jou n riske vi nou
Wi n bay vi nou
Kont yon sistèm ki merite chavire
Nou konn feblès nou, n konn fòs nou
E n konn tout sa k ka rive
Zafè sa ki reziyen yo
Ki kwè anyen pap jan m chanje
Lit se zafè sa k pa gen anyen
Ki pa menm ka jwenn manje
Se nan dlo je malere
Nou jwenn kouray pou nou batay
Pou dlo je sa sispann koule
Nou pa konnen kisa n ta bay
Li klè, nou wè
Nou pa gen anyen pou nou pèdi
Pou kaba dominasyon
Pa gen aksyon ki entèdi
Nou bouke pwoteje byen
Ki pap itil nou anyen
Si nou vle leta brannen
Se pwen sansib li pou n manyen
Se lavi sa kont sa nou vle pou pitit nou yo
Pèp pa konn pèdi batay
Se krab yo k pou rantre nan twou yo
[Mawon Ardy]
Pouki sa k ap voye kout pyòch
Pa janm gen kòb nan pòch?
Men pouki kout kalabòch
Bay grandon kòb nan pòch?
Kote m leve s on sèl refren n konnen
Karayib pa grate mwen
Grat! Grat! Grate wòch
Ilizyon pou nou touye vè
Plonje dèyè rèv mwen
Tankou m t on kalabòch
Defann menm sa m pa t menm konprann
Sansibilite mennen m
M p ap kase tèt mwen
Si chak fwa m lonje bra m
Yo tape m sou do menm
M ap kontinye soufle
Jiskaske dife m pran
Lafimen prèt pou pete je m
M kenbe liy mwen
Brikè m nan menm
M limen pozisizyon m
Se prensip ak etik
Zafè w si w panse w ka beni m
M fwete tout anvi m
Kwoke konviksyon nan fetay mwen
M kontwole aksyon defini pwòp fay mwen
Dèfwa m pèdi kouraj
Menm kenbe raj mwen
M ap vanse tèt frèt
M sou wout la, m pa pran derapin
Ou ka konte sou mwen, m p ap pran derapin
Yòòòr!
[Vanessa Jeudi]
Scat
Yalalala
Zabap pap pipe
Zoupoudoup toup
Zoupoudoup tou wa
...
Pouse
Pouse n ape pouse
Pouse
Pouse ann nou pouse
Demen kou jou leve
Byennèt n ap akouche
Demen kou jou leve
Limyè n ap rekòlte

About “Konviksyon” by Règleman Afè Popilè

Read the complete lyrics to "Konviksyon" by Règleman Afè Popilè from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]". On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Konviksyon" is performed by Règleman Afè Popilè. from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Konviksyon", explore more songs by Règleman Afè Popilè using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Règleman Afè Popilè · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Konviksyon" is credited to Règleman Afè Popilè. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Konviksyon" appears on "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]".

Visit the Règleman Afè Popilè artist page at /artist/regleman-afe-popile for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.