Lyrks
Lyrks
Lyrks
Cover Art

Patchakouti Lyrics by Règleman Afè Popilè

Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]

2020

[Vanessa Jeudi]
Scat
[Mozo]
Kristòf se te yon kolon
Yon jou tankou jodi a li debake
Li vin a tout yon kolonn
Koumansman yon doulè
Yon pòt sou lanfè ki detake
Yo vin ak kwa yo vin ak Epe
Sou yon tè moun t ap viv anpè
Nan mwens pase trantan
Prèske 300 000 nanm peri
Pou kapris yon grenn peyi
Si w ayisyen fò w konprann sa k pase nan Ispanyola
Twòp zak yo vle kache men lis pa n yo la
Nou bat anpil wout nou pa chwazi
Limanite trayi nou
Pale m de nèg nwèg kaptif, m a pale w de Taino
Se pa istwa yon krim
Listwa se yon krim
Rakonte se pran pozisyon
Kolonizasyon se yon krim
Ego conquiro
500 lane apre
Kiyès ki ewo n
Si nou ki konn wòl
Legliz jwe nan sa
Di m jodi a kisa ki erè n
[Vanessa Jeudi]
Ouuuuuuh
Senfoni
Ti zwezo
Lannuit dous
Fè lago
Flanm ki limen sou figi nou
Etenn kou vyòl deperi nou
Ouuuuuuhhhh
[Mawon Ardy]
Patchakouti, se kawo, se dezòd
Sa k anba vin anwo, sa k anwo vin anba
Viracocha vin met lòd
Y ap gade, men pa konn kisa
Santa Maria conquista
Stabilite ekolojik
Se pa menm lojik
Lewòp kase ekilib sa
Kreye dezekilib ant moun ak parazit
Lanati toumante, Ekoloji mine
Nan san ak souf ekipaj la chaje parazit, bakteri, chaje viris
Roujòl, varyòl, chaje tifis Nan mache chache lò
Anpil Kò kontamine Anpil rèv tou konfine
Sistèm defans yo pa t pare
Pa milye, Amerendyen tonbe Huey cocoliztli! Totomonaliztli! Zahuatl Nouvo mo ki antre man lang Nahuatl
Nan ispanyola
Tout lyen ak fanmi yo kase
Kominote yo brize brize
[Vanessa Jeudi]
Ouuuuuuuuh Senfoni Ti zwezo Lannuit dous
Fè lago Flanm ki limen sou figi nou Etenn kou vyòl deperi nou Ouuuuuuuhhhh
[Mawon Ann Di]
Larèn izabela katolika
Rele Ayiti Kiskeya Ispanyola
Taïno vin Endyen Zemès yo vin payen
Solèy yo pran senyen blan je vèt yo se kretyen
Konkistadò renmen lò otoktòn yo vle byen viv
Kristòf kolon bezwen trezò sèl ja k pou fè li byen viv
Espayòl Italyen yon rèn ak yon Maren
Bezwen jaden pou fè sa byen oblije kase ren
Yon pèp pezib tout zak posib oblije l bat seren
Y enpoze l yon enpo k rele encomienda
Metal koton betay tout bon pot vini chak 3 mwa
Te konn travay epanye pou lè sechrès met pye
Sere lakay gwo panye manmèl richès tete
Lewòp modèn pote lanfè sou do 3 karavèl
Yo pot traka ak dèy las casas chante vèy
Onondipè sou bib ak zam epi lavi fè vwèl
[Vanessa Jeudi]
Iye iye iye iye iye iye
Iye iye iye iye iye iye
Lavi t ap fè laplanch sou zile a
Lakwa fwete n
Sasinen tout lakou a eeee

About “Patchakouti” by Règleman Afè Popilè

Read the complete lyrics to "Patchakouti" by Règleman Afè Popilè from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.

"Patchakouti" is performed by Règleman Afè Popilè. from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL. Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data. If you enjoy "Patchakouti", explore more songs by Règleman Afè Popilè using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.

View all songs and biography for Règleman Afè Popilè · Trending lyrics · Billboard Hot 100

Frequently asked questions

"Patchakouti" is credited to Règleman Afè Popilè. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.

"Patchakouti" appears on "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020.

Visit the Règleman Afè Popilè artist page at /artist/regleman-afe-popile for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.