[Mawon Ann Di] Marye mo li mo di mera moli modi Mira mari Mari Mare rime ra-me Malere mimire male remi rime Melimelo me li melo me li rele mele Ile Ife dife bliye briye ki fè Dife l briye plizyè dizèn milye tijèn Jwenn nan fetay tèks Limyè pòtay linivè Jwenn nan fèt ak èks jwi byè pòt kay vil limyè Yon lapli mo tonbe lè bouch k ap li mo twonpe Yon rap pli mo n pote plimaj chak rim yo n sonde Ekriti fotografik chak MC travay listwa Ekri ti siy kou grafik chak lè m tris bay plis jwa Lang pote mak lòt li vanse malgre riz matlòt Nan fwote ak kòb li panse mal geri ak djòb Viv bèlte règ gramè m kache eksperyans Libète lang Granmè m blame ekspè syans [Refren] Gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman Pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj Sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès Tout grenn lari k ame sa genm lavi make [Mozo] Plim nou pa tranpe menm kote Se pa menm mesaj nou pote Rap politik Non, se pa menm mesaj nou pote Anpil antre nan sistèm nan Men gen kèk rapè sou kote Wi, w ap wè l si w koute n N pap chache hit Tout peyi an pa t ap janm chante Mete Dife Si yo te kab yo t ap boule zèv nou "autodafé" Isi rap te ka pwezi vre men gen twòp rapè k ap kòche kreyòl Ki atis ki ka kwochi bouch li san l pa kwochi kreyon l Yon bon rapè nèg, s on rapè k konn pale Men pi bon Mc yo rete militan k konn rape Tèks yo byen travay kòmsi yo te ekri nan atelye Imaj lan sot anlè men sa l dekri a se atè l ye Pou yon kò, ki fè m toujou ap kesyone pwezi se politik Pou n met mo pa n sou lavi nou kreye yon lòt powetik Verse la fini tank on powèm, yon souri k ap efase Fèmen de je w fè kouwè m, kite dout yo efase Refren Gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman Pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj Sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès Tout grenn lari k ame sa genm lavi make [Vanessa Jeudi] Nou te jire Pou n pa gade sou tiktak tan an N ap vanse Nou n ap kreye Nou envante bèl taktik lan N ap reziste Nou libere nou de tout tak ti klan Nou chante libète n menm lè mizik la kat ti tan Nou lite vre nou rebat kat lan N ap bout kou mayi mi n tanmen depi n katkat Hummm lènmi jire n, sila yo k vle efase n Listwa nou rich chak mo n lage ka depase n Tankou grandèt ki ekri limanite Nou se powèt ki dekri figi reyalite nou [Refren] Gen mo powèm mo jouman gwo pwoblèm nan touman Pwezi k grave sou plak plezi gravye sou plaj Sezon lapli tan sechrès rezon lap li se richès Tout grenn lari k ame sa genm lavi make [Mawon Ardy] Plim mwen bwè dlo bòbòt grann mwen Li pa pran nan cham yo Li prè pou chame w San pran nan cham mo Gwo tiz nan fant janm pwezi klasik No tiz nan fant janm pwezi plastik Plim fwonte, pa pè afwonte Front man fwonte like Scottie Pippen Blòk pa m fann 2, vann 2 boulvic se li m pi penn Paka antre san de-man-de Règleman s on de-man-bre Siw vle fuck, w ap de-ban-de Akontresans, nan sans 35 zile 2 3 punch, grenn senk m vin ezile Yo! Show skillz, No kriz Pou dekri-ekri popilè Okenn pri pap fè n popilè Nou pa fokis sou teknik twòp Pou m bay bèl tèks Twòp Teknik bay bèl tèks fokwis Fake yo maske, ego yo kache Yo make up pou blow up Yo ipokrit amò, wakamò Ak yon sèl frap nan kan w M fè twaka-mò
Read the complete lyrics to "Plimo" by Règleman Afè Popilè from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020. On Lyrks you can follow along with the full text, explore the artist's discography, and discover related songs. The track is often categorized under Rap.
"Plimo" is performed by Règleman Afè Popilè. from the album "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020 This page provides the full lyric text for fans who want to sing along, study the songwriting, or compare versions across releases. Lyrks organizes lyrics by artist and song slug so you can bookmark and share a stable URL.
Music lyrics help listeners connect with emotion, narrative, and rhythm in a track. Whether you are learning English, researching a favorite chorus, or preparing for karaoke, having accurate line breaks and section labels (verse, chorus, bridge) makes the experience easier. We link to the official artist profile on Lyrks where available, including biography snippets, top songs, and chart placements when we have that data.
If you enjoy "Plimo", explore more songs by Règleman Afè Popilè using the links below. Chart and trending pages on Lyrks highlight what listeners are searching for this week. For copyright or correction requests, see our DMCA and contact pages.
"Plimo" is credited to Règleman Afè Popilè. Songwriting credits may include additional writers listed on the release; check the credits section on this page for linked collaborators.
"Plimo" appears on "Tribilasyon Ak Kè Kontan [TRIAKK]" in 2020.
Visit the Règleman Afè Popilè artist page at /artist/regleman-afe-popile for biography, popular tracks, and links to more lyric pages.